Aspè Transnasyonal Mizik Hip-Hòp: Yon Ti Reflè Peyi Dayiti

Aspè Transnasyonal Mizik Hip-Hòp: Yon Ti Reflè Peyi Dayiti

Atik sa a tou pibliye an angle ak franse.

Chwa 11 dawout 1793 la kòm dat nesans mizik hip-hòp la pa fin kòrèk. Lè mwen di sa, pa konprann m ap chache diminye siksè atistik DJ Kool Herc oswa enpòtans gwo sware li te òganize jou sila nan Sid Bronks lan genyen. Lide a se pito atire atansyon nou sou orijin divès ak transnasyonal mizik hip-hòp la, sitou sou lyen li genyen ak lòt tradisyon atistik nwa ki fòme ak reflete modèl ibanis nwa.

Kòm fanm natif natal Nyoudjèze, rezidan vil Nyouyòk ak ibanist nwa ki chwazi etidye espas ak kote moun nwa ap viv atravè yon apwòch atistik kolektif ak patisipatif, mwen itilize metòd etnografik ak pran foto nan lari pou rasanble enfòmasyon sou eksperyans nwa yo anndan vil kote y ap viv. Nan tèks sa a, mwen vle pataje yon pati nan travay mwen fè sou “RapQuéb,” yon mouvman hip-hòp nan lang franse nan Monreyal, Kebèk.

Foto 1. Videyo mizik “Légendaire,” Imposs nan kolaborasyon avèk Loud, White-B, Tizzo & Rymz. Yon pwodiksyon Banx & Ranx ak Gary Wide. Joy Ride Records, 2000.

Ibanis Transnasyonal Nwa

Sou mizik rap "Légendaire" la ki anrejistre an gwoup an 2020, Imposs kòmanse chante konsa: "C'est nous les freakin' francophones de l'Amérique / On contrôle la ville, on est à la mairie" [Se nou menm moun ki pale franse nan reyjon Amerik la / Nou kontwole vil la, nou nan lameri a]. Gwo bout pawòl sa yo montre reyalite ak aspirasyon Imposs, premye jenerasyon pitit ayisyen ki fèt kanada. Sa ki pi enpòtan, pawòl sa yo anonse entansyon “RapQuéb” pou l pran espas transnasyonal la, nan lide pou reprezante non sèlman Monreyal, Kebèk ak Kanada, men tou tout peyi nan reyjon Amerik la ki pale fransè.

Foto 2. La Maison d’Haïti (LMdH) se yon òganis kiltirèl kominotè ki tabli nan katye Saint-Michel de Montréal. Sant kominotè LMdH resevwa nouvo imigran yo e ba yo yon akonpayman pedagojik ak fòmasyon pwofesyonèl — ak Cafe Lakay (“Kafe Lakay” nan lang kreyòl ayisyen). Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Imposs (Stanley Rimsky Salgado), menm jan ak lòt manm gwoup Muzion yo, J'Kyll (Jenny Salgado) ak Dramatik (Jocelyn Bruno), leve nan Villeray–Saint-Michel–Parc-Extension (VSP). VSP se yon awondisman nan Monreyal, yon anklav etnik nwa kote yon gwo pati nan dyaspora ayisyèn nan ap viv. Gwoup Muzion kòmanse gen gwo enpak sou mouvman RapQuéb la depi plis pase ven (20) lane, apati moman li te sòti albòm Mentalité Moune Morne. . . (Ils n'ont pas compris) lan nan lane 1999. Vinil sa a te pwopoze yon analiz kritik lavi moun nwa k ap viv anndan vil yo nan Amerik di Nò nan fen XXyèm syèk la; depi sou tit albòm nan ou kapab gen yon lide sou objektif li. Si w ap gade mo pou mo, tit la tradui konsa : “ mantalite moun tris. . . (yo pa konprann).” Men pou Muzion, “moune morne” se yon ekpresyon ki gen gwo fòs e ki voye je gade mantalite sila k ap goumen kont majinalizasyon. An reyalite, tit lan se yon aranjman mo, yon tradiksyon ekspresyon kreyòl “mantalite moun mòn” pou li vin bay “mentalité des gens tristes” an franse. Sa montre rasin transnasyonal manm Muzion yo: tradiksyon an fèt nan yon stil ki kite plas pou ekivòk, e ki ka pran doub sans. Li se tou yon referans a fason yo abitye dekri peyizaj ayisyen yo: “dèyè mòn genyen [plis] mòn.” Tit albòm nan voye tou al gade mòn Monwayal, sit yo te itilize pou bay vil Monreyal la non li. Menm si li mezire sèlman 240 mèt, menm si se pak Monwayal la moun plis konnen epi itilize, mòn nan rete yon referans kòm espas ki pi wo nan zòn nan; rezidan yo ba li ti jwèt non “Mòn nan.”

Foto 3. Imaj sant Monreyal la ki pran anwo, soti nan Pak Monrayal. 2023.

Foto 4. Pak Frédéric-Back, Monreyal. Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Pou nouvo imigran transnasyonal yo, espas piblik tankou pak souvan gen yon siyifikasyon espesyal. Nan VSP, espas piblik ki pi pre ak pi gwo a se Pak Frédéric-Back. Se te yon ansyen karyè wòch kalkè, yon sit ki raple enjistis ki te fèt sou anviwònman nan zòn nan. Lameri vil la te achte sit la nan lane 1988 pou fè li tounen yon sit dechaj fatra anvan yo deside fè li tounen yon pak pito an 1995. Lè travay amenajman yo te rive fini, li te tounen youn nan pi gwo pak nan Monreyal, yon pak ki tabli sou 153 ekta tè. Se gouvènman an ki te reyalize yon pati nan travay renovasyon pak la. Men an reyalite, anpil nan travay la, se manm kominote a, pami yo plizyè kanadyen ki pitit ayisyen, ki te reyalize yo nan kad yon inisyativ planifikasyon sitwayen yo te deside mennen. Se plizyè vwazen ak vwazin, pami yo yon gwoup ki rele tèt yo Pwojè 45 ki te kreye, pa egzanp, yon pak patinaj sou yon fòma lòt sitwayen kapab suiv pou yo fè li pou kont yo. Pak sa a te vin popilè anpil akoz ranp li yo. Li te sèvi tou kòm kánva pou mete an valè eleman ibanis nwa yo, pami yo grafiti ak mizik. Se nan pak sa a moun k ap fè pratik patinaj yo ak atis hip-hòp nan zòn nan te konbine pwodiksyon atistik yo pou reyalize seyans foto ak videyo pou akonpanye nouvo mizik y ap soti ak anonse nouvo evennman y ap òganize yo. Kominote a te pran inisyativ kreye yon jaden kominotè sou kote pak la tou. Lè pwodui ki sot nan jaden yo bon, yo pran yo epi kuit yo sou griy pandan moun nan vwazinaj la ap pwofite fè ti pale ansanm, epi tou moun k ap fè patinaj yo pwofite ap montre talan yo.   

Zèv ki kreye nan pak la e ki rive reyalize apati sa pak la enspire atis yo — pami yo kèk nan pwodiksyon Muzion yo — se yon fòm antropoloji sou reyalite lavi lari a ak yon fòm sosyoloji vizyèl ki dokimante eksperyans ak aspirasyon anklav etnik kote nwa y ap viv. Kòm egzanp, nou ka konsidere chante “La vi ti nèg” Muzion nan tankou yon apèl ki se an menm tan yon repons pou ankouraje kominote imigran nwa yo rasanble pou planifye lavi yo. Pawòl mizik la dekri nan yon fason powetik goumen kominote k ap viv nan anklav etnik yo e k ap viv ak fèb revni yo ap mennen. Pawòl yo dekri tou rezistans yo kont lopresyon y ap sibi. Videyo mizik la montre deba k ap fèt pami dyaspora ayisyèn nan zòn nan; atravè yon montaj ki fèt ak eleman ibanis nwa, li montre reyalite lavi nan lari a ak mòd òganizasyon kominotè nan VSP ak nan kominote ki pi lwen tou. 

Plizyè santèn kilomèt pi lwen, nan Nyoudjèze — nan yon melanj reyalite zòn ibèn kote moun nwa ap viv ak reyalite katye kote plis moun blan abite — mwen t ap grandi e dekouvri videyo Muzion nan ki reflete anpil eksperyans pèsonèl mwen, yon amerikèn ki se premye jenerasyon pitit ayisyen. Kòm yon jenn tifi k ap grandi, mwen te vrèman etone dekouvri yon seri moun ki te sanble ak mwen, ki t ap pale sou pwoblèm jistis sosyal ke mwen te konnen e konprann — men nan yon lang diferan.

Orijin Yon Kominote: Tren ak Mizik Djaz

Kontèks planifikasyon ibèn yo souvan ede kreye kondisyon pou ankouraje zèv atistik  nwa boujonnen. Nan koumansman peryòd n ap pale a, se konstriksyon liy tren yo ki te ede kreye premye anklav etnik nwa nan Monreyal ki rele La Petite-Bourgogne. Nan lane 1836, sèvis tren piblik te kòmanse fonksyone tou pre vil la. La Petite-Bourgogne te vin devlope nan lantouray de (2) estasyon tren e li te chaje pòtè machin yo te konn rele pòtè Pullman. Apati moman sa, Monreyal vin konnen yon konsantrasyon ibanis ak kilti nwa transnasyonal ki t ap grandi chak jou pi plis. Sa te fèt nan yon premye tan atravè mizik djaz, epi apre sa nan dènye deseni yo atravè rap. Sou baz sa a, nou kapab sitiye orijin mizik hip-hòp lan, omwens an pati, nan peryòd devlopman endistri tren nan Kanada. Malerezman, tankou anpil anklav nwa nan Amerik di Nò, yo ta pral raze La Petite-Bourgogne nan kad nouvo inisyativ iben ki te kòmanse nan mitan lane 1960 yo.

Foto 11. Namori Cissé se yon chantè, jwè batri, otè ak konpozitè ivwaryen k ap viv nan Monreyal. Tandans reggae, rock, folk ak soul enfliyanse mizik li. Fason li abiye melanje stil hip-hòp mondyal, jan nou ka wè li nan jan li mikse chapo ki chavire pa dèyè a ak chemiz ki gen desen afriken an sou li. Nan imaj sa, l ap jwe afwo djaz nan La Petite Marche nan Monreyal. Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Foto 12. Jou espektak Cissé a nan aswè, ri La Petite Marche la pat gen kote pou w pike zepeng. Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Yon Pratiksyen Meditativ

Nan lane 1955, achitèk ak ibanist ayisyen Albert Mangonès te pibliye yon seri tèks nan jounal Reflets d'Haïti kote li te ankouraje itilizasyon planifikasyon pou kontre pwolonjman iben vil Pòtoprens, fenomèn ki t ap grandi rapid akoz migrasyon moun pwovens nan vil yo. Li te mande pa egzanp kreyasyon yon komisyon "planifikasyon ibèn" epi pou yo bay manm asosyasyon pwofesyonèl Association des Ingénieurs et Architectes Haïtiens (AIAH), ki te fenk kreye e ki te reprezante enjenyè sivil, achitèk ak ibanist yo, kapasite pou yo entèvni nan dosye sa a.

Foto 13. Petyonvil, Ayiti, pa kapab ankò ak pwolonjman iben an ki koumanse depi Pòtoprens. Devan fenomèn migrasyon moun k ap sot an pwovens pou vin ret nan vil yo pandan XXyèm syèk la, yon seri achitèk tankou Albert Mangonès te fè sa yo kapab pou goumen kont fason espas iben an t ap gwosi san kontwòl la, men yo pat reyisi rezoud pwoblèm nan. Fotograf: yon zanmi otè a ki chwazi rete anonim, 2017.

Lide Mangonès yo — ansanm ak pa kèk lòt manm AIAH — te jwenn sous yo nan yon seri rezo edikatif, pwofesyonèl ak kiltirèl transnasyonal. Mangonès te etidye nan Académie Royale des Beaux-Arts de Bruxelles epi, nan lane 1942, te rive gradye nan pwogram achitekti Cornell University. Sou wout li, li te rankontre divès kalte espas transnasyonal nan koze ibanis nwa, tankou Harlem nan peryòd renesans lan, ki te enspire l. Mangonès te yon atis tou, sa ki fè li te toujou ap defann pwodiksyon atistik kòm yon zouti pou amelyore lavi nan vil yo. Nan lane 1944, yon ti tan apre li te retounen an Ayiti, li te fonde ak lòt kolaboratè Centre d'Art nan Pòtoprens, yon sant ki ta pral jwe yon gwo wòl nan idantifye ak fòme atis an Ayiti. Sa ta pral pèmèt antisipe fason planifikasyon kiltirèl, pou jenerasyon k ap vin aprè yo, ta pral jwe yon wòl esansyèl nan òganizasyon kominotè yo. Jan refren mizik “la vi ti nèg” lan di, “lavi a pa fasil, se pou sa nou rasanble.”

Lè François “Papa Doc” Duvalier te pran pouvwa an Ayiti an 1957, li te suiv rekòmandasyon Mangonès yo; li te kreye Komisyon Planifikasyon Ibèn nan. Malerezman, fèb kontribisyon demokratik pandan pwosesis la — sou rejim Divalye a — te vin kreye yon anbyans diktatoryal ki ta pral voye yon kantite atis ak pwofesyonèl ayisyen al viv aletranje, sitou nan Monreyal. Imigran ayisyen yo ak pitit yo ki ta pral kontribye nan ogmante kilti hip-hòp la nan vil Kebèk, ta pral reprezante viraj kiltirèl la yon jenerasyon apre. Soti nan lari a pou rive nan sal anrejistreman mizik yo, yon seri atis tankou Muzion te janbe fwontyè jeyografik, kiltirèl, ak lengwistik yo pou konekte dyaspora afrikèn nan atravè yon seri zèv atistik patisipatif, ki ta pral ede transfòme eksperyans ibanis nwa a.

Reflè Dyaspora a

Lè yon kominote met tèt ansanm, yo kòmanse ka wè imaj pwòp tèt yo. Yon seri anklav etnik nwa istorik tankou Petite-Bourgogne te rive tabli gras ak premye kominote afwo-kanadyen yo tankou afwo-neyo-ekosè yo, afwo-metis yo, afwo-karayibeyen yo, ak pòtè Pullman ki te soti Etazini yo. Anklav etnik nwa jodi a tankou VSP ak Monreyal , ki lokalize byen lwen Petite-Bourgogne, rive devlope apati vag migrasyon afwo-karayibeyèn ak afrik kontinantal ki te fèt apre peryòd sa.

Anpil nan premye imigran ayisyen yo, apre Duvalier te rive pran pouvwa a, te manm elit entelektyèl la: doktè, akademisyen, pwofesè ak pwofesyonèl nan lòt domèn. Pami yo te gen Frantz Voltaire. Voltaire te rive Monreyal pou premye fwa kòm etidyan, men li te retounen an Ayiti aprè etid inivèsitè li. Nan fen lane 1970 yo, prezidan Jean-Claude "Baby Doc" Duvalier, pitit “Papa Doc,” te mete l nan prizon. Voltaire ta pral tabli li definitivman nan Monreyal nan lane 1979.

Nan Kanada, Voltaire ta pral vin genyen repitasyon yon entelektyèl ki oryante travay li sou enterè kominote a. Pandan li te okipe pòs pwofesè nan Université du Québec à Montréal, li te vin ak lide pou kreye yon sant ki pral la pou ankouraje fim ak piblikasyon — zèv pa ayisyen, men tou travay lòt otè afwo-karayibeyen ak afwo-kanadyen. Se lide sa ki ta pral pèmèt mete sou pye yon sant ki rele Centre International de Documentation et d'Information Haïtienne, Caribéenne et Afro-canadienne (CIDIHCA). Sant sa a k ap selebre karantyèm anivèsè li jodia vin tounen yon enstitisyon nwa kanadyen enpòtan k ap ede dokimante, prezève ak pataje konesans sou zafè ibanis nwa kanadyen.

Foto 14. Sèlfi otè a (sou bò goch) avèk Leslie Voltaire, reprezantan CIDIHCA ak Abigail Moriah, reprezantan Black Planning Project. Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Apre “Baby Doc” te fin pran pouvwa a nan lane 1971, kantite ak pwofil imigran ayisyen ki chwazi al tabli yo Kanada ta pral chanje radikalman. Nan kòmansman lane 1970 yo, yo konstate eleman dezyèm vag imigran sa a te gen moun ki plis jèn e ki te mwens edike pase sa ki te vini nan lane 1960 yo, ki te gen pami yo anpil pwofesyonèl trè kalifye. Fas ak diskriminasyon ak lopresyon yo t ap sibi, jèn ayisyen, etidyan ak lidè kominote yo ta pral kreye òganizasyon pou satisfè bezwen kominote nwa a.

Nan lane 1972, La Maison d’Haïti (LMdH), yon òganizasyon kiltirèl kominotè nan Monreyal, te pran nesans nan objektif pou akeyi nouvo imigran yo epi ofri yo sipò akademik ak fòmasyon pwofesyonèl. Yon ane apre, Centre N A Rive (CNAR), yon sant ki ede nan alfabetizasyon ak entegrasyon sosyal te pran nesans pou ofri nouvo imigran yo pwogram ki pi esansyèl. Anpil lòt òganizasyon kiltirèl ak planifikasyon kominotè ayisyen, karayibeyen, ak/oswa nwa kanadyen ki egziste nan Monreyal jodia te mete sou pye nan epòk sa a.

Foto 15. 15zyèm Jounen Anyèl Liv nan CNAR, 19 dawout 2023. Fotograf: Sophonie Milande Joseph.

Foto 16. Ma Planète, Mon Futur (Planèt Mwen, Lavni Mwen) se te tèm jounen entènasyonal anyèl pou jenn yo ki te òganize nan LMdH, 12 dawout 2023. Yon gwoup jenn ap prezante yon esketch mizikal ki prezante kek istwa sou anviwónman. Sou bò dwat, nan pwent nèt, Josué Corvil, konseye minisipal ki reprezante VSP. Fotograf: Sophonie Milande Joseph.      

#lehoodestfatigué (Katye a bouke)

Si hip-hòp pa pran nesans 11 dawout 1973 nan Bronks vre, kilè li te kreye? Èske li obligatwa pou li genyen yon anivèsè nesans? Petèt sa pa nesesè. Poutan komemorasyon enpòtan. Pa gen dout, fèt DJ Kool Herc te òganize nan sal jwèt anndan yon batiman lojman sosyal te gen yon enpak sèten sou panorama kiltirèl ak fizik vil Nouyòk. Sa gen kenz (15) lane, Herc te mete ansanm ak lokatè k ap viv nan batiman an pou yo jwenn yon fason pou yo achte l nan lide pou rezoud pwoblèm finansman ki twò fèb ak neglijans ki menase l: yon pwoblèm ki frape pifò lojman prive ak sibvansyone ki te bati nan mitan 20yèm syèk la. Sa ki pi enpòtan ankò, twa (3) kilomèt pi lwen batiman sa a, yo tanmen konstriksyon nouvo mize ki batize Musée du hip-hòp lan, ki pwograme pou louvri an 2025. Mize sa a reprezante pi bèl fòm planifikasyon eritaj ki ka egziste.

Foto 17. Sèlfi Cash Boy Reg ak otè a. Fotograf: Sophonie Milande Joseph, 2023.

Si nou fè yon ti kout pye tounen nan Monreyal, nan VSB, yon lòt espas vital nan istwa hip-hòp la, jèn ayisyen yo, elèv ak lidè kominote yo kontinye devlopman kominote a atravè òganizasyon kominotè ki enkòpore kòm sosyete. Gen lòt ki chwazi kòm metòd etnografi lari a ak pratik atistik pou lite kont pwoblèm planifikasyon ak politik ki difisil. Lè nou kreye zèv piblik ki anrejistre ak difize eksperyans ibanis nwa yo, kilti transnasyonal hip-hòp RapQuéb la reflete lit kominotè sa yo — nan sans sa a kilti hip-hòp RapQuéb la reprezante nan tèks Imposs yo, men tou nan komedi "hip-hòp" Cash Boy Reg (Reggie Casimir Jr.) yo ki sèvi ak #lehoodesttired [katye a bouke] kòm yon achtag pou kreye zèv k ap chache reveye konsyans sosyal moun.

Nòt otè a: Atik sa a te pwodwi nan kad New City Critics, yon pwogram di Bondye mèsi nan Architectural League/Urban Omnibus ak Urban Design Forum pou bay nouvo vwa, san pè, ak divès kalite defi fason nou konprann, konsepsyon, ak devlope vil nou yo. Stéphania Musset te tradui atik sa a soti nan lang angle.

Sitasyon

Sophonie Milande Joseph, “Aspè transnasyonal mizik hip-hòp: yon ti reflè peyi Dayiti,” PLATFORM, 13 Novanm, 2023.

Yukarı Fırat Coğrafyasında Madencilik ve Jeopolitik Hesaplar

Yukarı Fırat Coğrafyasında Madencilik ve Jeopolitik Hesaplar

Hip-Hop Transnational: Reflets d’Haïti

Hip-Hop Transnational: Reflets d’Haïti